🌍 BIENVENI NAN MISSION POTE PLENT KAY BONDYE
EGLISE TABERNACLE MONDIALE — ETM-MPPKB
Yunn nan pi gwo pwojè misyon an sot reyalize se kote li sot konstwi Tabènak mondyal la nan Depatman Sant lan, thomonde, nan ri belotte billding #56
nou genyen 2è konvansyon anyèl nou nan mwa desanm.
Nou reyalize tou yon sant kòmèsyal kote nou vann materyo konstriksyon.
Nou deja reyalize anpil pwogram nan misyon an déjà, fè konvansyon déjà.
Mission Pote Plent Kay Bondye se yon misyon entènasyonal ki rasanble plizyè legliz nan yon sèl vizyon: sèvi Bondye, preche Levanjil Jezikri, ankouraje lapriyè epi pote espwa bay moun k ap travèse moman difisil.
✨ VIZYON NOU
Kreye yon espas espirityèl kote tout moun kapab prezante bezwen yo devan Bondye nan lapriyè, chèche jistis, delivrans, gerizon ak restorasyon atravè lafwa nan Jezikri.
🎯 MISYON NOU
• Preche Pawòl Bondye.
• Ankouraje lapriyè ak entèsesyon.
• Akonpaye moun nan difikilte yo.
• Fòme lidè ak sèvitè Bondye.
• Rasanble legliz nan inite ak lanmou.
• Pote mesaj espwa ak restorasyon nan tout nasyon.
🌎 PREZANS ENTÈNASYONAL NOU
🇭🇹 AyiAYITI — THOMONDE, SYÈJ SOSOSYAL . PASTÈ WONDERLY. JOLY .
🇺🇸 ETAZINI — NEW-YORK DOKTÈ APÒT BAZILE RICHARD. GERTRUDE GILLES .
🇨🇦 CANADA :ÉVANGÉLISTE FABIOLA RIDORE
🇳🇬 NIGERIA PASTÈ EMMANUEL
🇵🇰 PAKISTAN PASTÈ POLOUS
🇬🇦 GABON PWOFÈTES TATIANA KUMBA
GAHNA PASTÈ :ESTEPHENE
📖 VÈSÈ BIBLIK: Sòm 50:15
« Envoque-moi au jour de la détresse ; je te délivrerai, et tu me glorifieras.
LÈ FONDATÈ De LA MISYON POTE PLENT KAY BONDYE. DR APÔTRE BAZILE RICHARD
🇺🇸 ADRÈS ETAZINI 400 ARGYLE RD, lBROOKLYN,NY 11218
📱 WHATSAPP +18459230210 /+13472487060
📧 MÈLl: OFISYÈL bazileriIchard1984@gmil.com
PÔTRE GERTRUDE GILLES +13476982148
IMAIL GERTRUDEGillles30@gmail..com
PASTÈ WONDERLY JOLY 50955129532
🤝 Nou envite pastè, legliz, sèvitè Bondye ak tout moun ki vle grandi nan lafwa pou vin konekte ak vizyon misyon an.
🔥 MISSION POTE PLENT KAY BONDYE
YON MISYON, PLIZYÈ NASYON, YON SÈL BONDYE!
FLASH! FLASH !FLASH.
MISSION POTE PLENT KAY BONDYE (MPPKB)
KALANDRIYE ELEKTORAL AK RÈGLEMAN JENERAL ELEKSYON 5 NOVANM 22O26
Dokiman ofisyèl pou òganizasyon, regilasyon ak administrasyon eleksyon nan Mission Pote Plent Kay Bondye.
DEVIZ: ABA POVRETE NAN POTE PLENT KAY BONDYE.
CHAPIT I — KONDISYON POU YON MOUN KANDIDA
ATIK 1 — DIRE MANM
Nenpòt moun ki vle prezante kandidati li dwe genyen omwen yon (1) ane depi li vin manm nan Mission Pote Plent Kay Bondye.
ATIK 2 — ESTATI ESPIRITYÈL
Kandida a dwe yon manm batize nan lafwa kretyèn epi rekonèt ofisyèlman kòm manm nan enstitisyon an.
ATIK 3 — BON REPITASYON
Kandida a dwe genyen bon repitasyon, entegrite, respè ak yon konpòtman ki ann amoni ak prensip biblik ak valè fondamantal misyon an.
ATIK 4 — DOSYE JIDISYÈ
Kandida a pa dwe genyen kondanasyon definitif pou yon krim grav. Nenpòt sitiyasyon jidisyè dwe egzamine avèk respè pou dwa moun nan ak prensip jistis.
ATIK 5 — DOKIMAN IDANTIFIKASYON
Kandida a dwe genyen yon paspò ki valab kòm dokiman idantifikasyon ak vwayaj.
ATIK 6 — KONPÒTMAN ANVÈ MISYON AN
Tout manm, sitou moun ki okipe fonksyon pastoral oswa administratif, dwe respekte angajman yo anvè misyon an.
Nenpòt manm ki repete konpòtman tankou:
Refize respekte obligasyon finansye li te pran volontèman;
Sabote aktivite oswa reyinyon enstitisyon an;
Kreye divizyon ak dezòd nan mitan manm yo;
Anpeche bon fonksyònman aktivite misyon an;
Ka sibi yon egzamen disiplinè devan ògàn ki responsab la.
Moun konsène a dwe jwenn posiblite pou li prezante eksplikasyon li anvan nenpòt desizyon pran.
ATIK 7 — LAJ AK SÈKS
Kèlkeswa laj oswa sèks yon moun, depi li satisfè kondisyon manm yo ak kondisyon kandidati ki etabli nan règleman sa a, li gen dwa prezante kandidati li.
CHAPIT II — ANGAJMAN AK RESPONSABLITE MANM YO
ATIK 8 — ANGAJMAN EKONOMIK AK KONTRIBISYON FINANSYE
Nenpòt manm ki genyen omwen youn (1) oswa de (2) ane nan Mission Pote Plent Kay Bondye, men ki pa janm pote okenn kontribisyon ekonomik oswa finansye pou soutni fonksyònman, aktivite ak devlopman enstitisyon an, pa kapab prezante kandidati li pou pòs Prezidan Jeneral.
Menm si moun sa a te patisipe nan lòt aktivite, bay sèvis, mete tan li oswa ede misyon an nan lòt fason, sa pa ranplase angajman ekonomik ki nesesè pou dirije enstitisyon an.
Prezidan Jeneral la dwe kapab konprann responsablite ekonomik misyon an, mobilize resous, soutni pwojè yo epi kontribye nan reyalizasyon vizyon enstitisyon an.
Se poutèt sa, kontribisyon ekonomik se yon kondisyon obligatwa pou validasyon kandidati pou pòs Prezidan Jeneral MPPKB.
ATIK 9 — RESPÈ RÈGLEMAN YO
Tout kandida ak elektè dwe respekte prensip demokrasi, transparans, disiplin, respè youn pou lòt ak desizyon ki soti nan pwosesis elektoral la.
CHAPIT III — SISTÈM VÒT AK GRAN ELEKTÈ YO
ATIK 10 — SISTÈM GRAN ELEKTÈ
Eleksyon Prezidan Jeneral MPPKB ap fèt atravè yon sistèm Gran Elektè.
Se vòt Gran Elektè yo ki konte pou detèmine rezilta final eleksyon an.
ATIK 11 — IDANTIFIKASYON GRAN ELEKTÈ YO
Gran Elektè yo se fondatè misyon an ki gen dwa patisipe nan vòt espesyal sa a, dapre lis ofisyèl enstitisyon an valide.
ATIK 12 — VALÈ VÒT GRAN ELEKTÈ YO
Chak Gran Elektè ap genyen yon valè twa (3) vwa.
Valè sa a dwe respekte pandan tout pwosesis elektoral la epi Komite Elektoral la dwe fè tout elektè yo konnen règ sa a anvan jou eleksyon an.
CHAPIT IV — KONTWÒL AK SANKSYON ADMINISTRATIF
ATIK 13 — KONTWÒL AKSYON PREZIDAN AN
Si Prezidan Jeneral la ta komèt yon zak ki reprezante yon vyolasyon grav kont prensip, estati oswa règleman enstitisyon an, manm komite a gen dwa konvoke yon reyinyon ekstraòdinè.
Apre egzamen sitiyasyon an, Prezidan an dwe jwenn opòtinite pou li bay eksplikasyon li.
Si gen prèv ki jistifye yon mezi, komite a kapab òganize yon vòt mosyon de sansi.
ATIK 14 — MOSYON DE SANSI
Mosyon de sansi a dwe fèt nan yon pwosesis transparan, avèk yon vòt ki respekte kantite manm ki gen dwa vote ak kondisyon majorite ki etabli nan estati misyon an.
Si mosyon an jwenn majorite ki nesesè a, li kapab lakòz revokasyon Prezidan an, dapre pwosedi enstitisyon an.
ATIK 15 — EGALITE DEVAN RÈGLEMAN YO
Okenn moun pa dwe jwenn tretman espesyal devan règleman elektoral yo, kit se fondatè, pastè, prezidan, vis-prezidan, sekretè oswa senp manm.
CHAPIT V — KALANDRIYE ELEKTORAL AK DISPOZISYON FINAL
ATIK 16 — APLIKASYON RÈGLEMAN YO
Règleman sa yo antre an aplikasyon depi ògàn ki gen otorite nan misyon an adopte yo ofisyèlman.
ATIK 17 — ENTÈPRETASYON
Nenpòt kesyon oswa sitiyasyon règleman sa yo pa prevwa dwe soumèt devan Komite Elektoral la ak ògàn responsab misyon an pou yon desizyon ki respekte estati enstitisyon an.
ATIK 18 — ANGAJMAN TOUT KANDIDA
Tout moun ki prezante kandidati yo dwe angaje yo pou respekte rezilta eleksyon an, pwoteje inite misyon an epi sèvi enstitisyon an avèk entegrite, sajès ak lespri sèvis.
ATIK 19 — DAT ENVESTITI PREZIDAN JENERAL LA
Envestiti ofisyèl Prezidan Jeneral ki eli a ap fèt nan dat 6 Desanm 2026, nan kad Dezyèm Gran Konvansyon Anyèl Mission Pote Plent Kay Bondye.
ATIK 20 — FÈMTI KANPAY ELEKTORAL LA
Kanpay elektoral la ap pran fen madi 10 Novanm 2026, a minwi (12:00 AM).
Apre lè sa a, okenn kandida pa dwe kontinye fè kanpay elektoral.
ATIK 21 — ENSKRIPSYON OBLIGATWA POU KANDIDA YO
Tout moun ki vle patisipe nan eleksyon an dwe ranpli pwosesis enskripsyon kandidati yo nan delè Komite Elektoral la fikse a.
Enskripsyon kandida yo ap fèmen madi 3 Novanm 2026, a minwi (12:00 AM).
Apre dat ak lè sa a, okenn nouvo kandidati pap aksepte, sof si Komite Elektoral la pran yon desizyon ofisyèl ki otorize sa.
DISPOZISYON ADMINISTRATIF
Dokiman sa a fèt pou sèvi kòm referans ofisyèl pou Direksyon Jeneral ak Komite Elektoral Mission Pote Plent Kay Bondye.
Tout kandida, Gran Elektè, manm Direksyon ak lòt manm ki konsène dwe pran konesans règleman sa yo epi respekte yo.
MISSION POTE PLENT KAY BONDYE (MPPKB)
DEVIZ: ABA POVRETE NAN POTE PLENT KAY BONDYE.
Pou yon misyon ki chita sou lòd, respè, transparans, angajman ekonomik ak bon gouvènans.
🌐 Vin jwenn nou, pataje mesaj la epi ede nou fè Levanjil la rive pi lwen!